Pòdpè: 1er janvye, yon fèt ki tradwi zantray pèp ayisyen an.

3,014

Par John Jean Jacques

01/01/2022

Port-de-Paix______(TRiboLAND) 1er Janvye 1804 – 1er janvye 2022 sa fè 218 lane depi kèk Ero tankou Desalin, Kristòf, Kapwa ak Petyon te retire ofisyèlaman peyi a nan anba chenn lesklavaj. Depi tan sa oken ayisyen pa negosye jou sa a sou kelke swa fòm nan.

31 desanm ki se vèy 1er Janvye toujou cho tankou vè lanp kay malere nan tout ra kwen peyi d’Ayiti. Nan vil Pòdpè anpil aktivite ekonomik antreprann, anpil nouvo biznis, anpil nouvo vizaj toupatou nan vil la. Se jou ki pi cho nan tout mache ki nan Pòtpè. Se jou tou, ayisyen depanse plis lajan, pou achte kich pou fèt endepandans lan. Nan tout lari, tout mache moun ap achte, nan ankèt TRiboLAND mennen gen 3 bagay ki vann plis jou sa a: Pen, Chokola ak engredyan pou fè bouyon.

Kanta machann yo, anpil nan yo fè konnen se jou ke yo plis renmen, se jou yo vann pi rapid e pi plis. Nan ti mache ki trouvel nan menm ri ak Lekòl Nasyonal Jak Mòpa nan vil Pòdpè, kèk machann ta bay rezon ki koz yo renmen 31 desanm nan se paske lavèy 1er Janvye ki vle di jou sa vle di anpil bagay pou yo, men tou jou sa a yo vann rapid e nenpòt bagay ou pote pou vann depil gen rapò ak lamanjay ou pa k pa vann li. Yon lòt kote machann yo fè konnen 1er jou nan ane a se lè pou yo manje yon bon ti manje.

Malgre tout zag briganday nan ki pase nan peyi a pandan ane 2021 an, grangou, asasina, ensekirite, tranbleman tè ak anpil lòt ankò pa fè Ayisyen ni cho ni frèt. Yon sèl chanson ki gen nan tout lari Peyi d’Ayiti se “kisa map fè pou demen”.

Comments are closed.