Djouvensky Almonord ta dèyè zak malonèt ki mete Pubien Mackenson nan gwo pwoblèm

211
0
Share:
TRiboLAND

01/16/2026

Sen Lwi Dinò, Ayiti _____(TRiboLAND) Daprè plizyè sous serye nan kominote Nòlwizyèn lan, se Djouvensky Almonord ki ta kache dèyè zak malonèt ki te mennen arestasyon Pubien Mackenson nan vil Pòdpè. Sous yo fè konnen Djouvensky te deja gen menm pratik sa yo nan Naso sou baz li gen biwo transfè, aprè yon lajan li te pran, li te oblije retounen nan peyia.

Depi lè li retounen nan peyi a, Djouvensky vin abite nan zòn Degranj, nan komin Sen Lwi Dinò, kote li ta reprann menm aktivite ilegal yo, sitou rele moun sou telefòn pou mete presyon sou yo epi fòse yo bay lajan. Jiskaske li te menm rive pran prizon de fwa SenLwi

Toujou daprè sous yo, se Djouvensky menm ki te mande Pubien yon sèvis pou vin ranmase lajan pou li. Lè Pubien te desann Pòdpè pou rezon sa a, Djouvensky te deja sou plas la. Se nan moman sa a Lapolis te entèvni pou arete Pubien, pandan Djouvensky te pwofite retire kò li, chape pou l li sou yon motosiklèt pou retounen SenLwi Dinò, yon fason pou evite tout kontwòl lapolis.

Anpil sitwayen nan komin Sen Lwi Dinò di yo vrèman dezole pou sa ki rive Pubien Mackenson. Daprè temwanyaj yo, Pubien se yon jèn gason onèt, serye, ki ap etidye nan inivèsite INAGUÉ. Yo fè konnen se sitiyasyon ensekirite k ap gangrennen peyi a ki te fòse l retounen viv Sen Lwi Dinò.

Share:

Leave a reply