Operasyon zatrap arenye a arive dekouvwi yon nich zam ak minisyon anndan kay yon komèsan

0 470

Pòtopwens___(TRiboLAND) Anpil gwo zam ki bay toudisman ak yon latriye katouch san konte anpil lòt materyèl tankou kamera teleskòp, jilè pabal, grenad, gaz mas, kas a moto, ak chajè) te arive sezi nan yon kontenè apwè yon operasyon ajan Direksyon Santral Polis Jidisyè a te efektye ayè Madi 24 Desanm nan 2019 la nan yon katye rezidansyèl ki nan Puits Blain 9.

Konsa, ajan DCPJ yo mete anba kòd Arby Franck Larco, yon endividi ki espesyalize nan gwo komès zam ak minisyon tout kalite ( 9 milimèt, glock 30, 40, 5.56, 762 M-14, divès fizi kalib 12) anndan peyi Dayiti, dapwè enfòmasyon ki sòti bò DCPJ, ki felisite tèt li pou yon parèy kout file anba lidèchip gwo alatèt PNH la ki se Normil Rameau.

Sispèk la ki ta sanble ki pa ayisyen, twouve li koulya anba kòd kote ke li koutinye ap reponn kesyon DCPJ pou detansyon zam ilegal. Se reyèlman yon gwo kout file pou PNH nan kad lage koukouwouj dèyè sèktè kap distribye zam anndan peyi Dayiti.

Kidonk, anpil sitwayen espere se pa yon cho biznis bò kote gouvènman Jovenel Moise la ki toujou gen apeti pou libere etranje mèsenè ki anvayi peyi a san pase devan Lajistis.

Leave A Reply