Walken Walki Joseph enstale kòm nouvo direktè espò nan depatman Nòdwès la.

2,181

Par John Jean Jacques

12/23/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Tankou jan sa te anonse, Walken Walki Joseph ki gen non jwèt li “Vwa” enstale jodi jedi 23 desanm 2021 kòm nouvo direktè espò nan depatman Nòdwès la.

Provèb kreyòl la di, “rayi chen an di dan l blan”. Walken Walki Joseph, yon jenn gason, yon pitit natif natal depatman nòdwès, ki te benefisye yon bous nan pòch leta Ayisyen pou yon etid nan Edikasyon Fizik ak Espòtif nan peyi Kiba, te pase 6 lane ap etidye lakay kiben yo. Konsa apwè fen yon parèy etid, Vwa te retounen nan peyi a san ke leta Ayisyen pat mande l sal te pote nan djakout li pou vann.

Li te oblije lage nan vann jounen pou dispanse kou EPS, sa li te aprann nan peyi Kiba. Vwa tap simaye “jounen kou edikasyon fizik ak espò nan yon latriye enstitisyon nan vil Pòdpè.

Nap raple, Walken Joseph se etidyan dwa, li se egalman ansyen antrenè Pòdpè FC, club 2èm divizyon nan peyi Dayiti, antrenè aktyèl Atletik yon club nan vil Pòdpe kap jwe chanpyona 2èm divizyon. Li enstale jodi a kòm nouvo direktè edikasyon fizik ak espò nan depatmam Nòdwès la. Vwa ranplase nan pòs sila a, Destima Raymond Fedner ki gen ti non jwèt li Daraymond.

Kòm chak rivyè desann ak gravye pa yo, ta sanble rivyè sa a desann ak kèk bon gravye pou depatman Nòdwès la!

Comments are closed.