Plis pase 3 douzèn moun mouri, 100 lòt blese nan yon ensandi sou yon bato nan peyi Bangladèch

3,281

12/24/2021

Bangladèch______(TRiboLAND) Yon gwo ensandi dife ravaje yon ferry maten jodi vandredi 24 desanm 2021 an nan zòn solèy leve peyi Bangladèch, e lakoz plis pase twà douzèn moun mouri bwile san konte yon santèn moun ki blese.

Bangladèch se yon peyi ki travèse plis pase 230 rivyè; appwè 165 milyon moun itilize bato rivyè pou deplase de yon zòn a yon lòt. Se yon veritab kalamite maritim pou yon peyi ki totalman repoze sou navigasyon maritim ki toujou trè vilnerab nan kàd sekirite ak anpil lòt pwoblèm.

Kolè flanm dife yo te oblije fòse anpil nan pasajè yo vòltije nan dlo. Anpil moun tankou ti inosan disparèt, dapwè jounal lokal yo. Dife a pase plis pase 3 èdtan ap bay payèt, alòske anpil nan pasajè yo tap dòmi.

Otorite yo ap miltipliye efò ak rechèch pote sekou yo. Yo atann yo ke chif viktim yo ap gen pou ogmante akoz operasyon rechèch yo ak kantite moun bwile ki gravman ospitalize.

Comments are closed.