Doktè Makindi Guerrier, kite sa!

2,863

12/12/2021

Pòtopwens____(TRiboLAND) Malgre bwàs ak sakrifis yon latriye sèktè arive fè pou asiste Doktè Makindi Guerrier jwen ti moso swen medikal nan peyi lòt bò dlo, elas li arive mouri kanmenm. Selon konfimasyon direktè Alatèt Radyo Tele Karaib la, Anderson Brégard ki jwen sa bò kote yon pwòch chirijyen dantis la.

Doktè Guerrier, trè afab, moun pa tout moun e trè senpa e toujou vle ede, bay dènye ti souf la jodi dimanch 12 desanm 2021 an nan Sen Domeng, repiblik Dominikèn. Se yon veritab kou di pou kominote entèlèktyèl peyi Dayiti a.

Nap raple viktim nan te genyen 36 lane e li di planèt la babay kèk jou apwè ke bandi sangwen ki pa idantifyàb te arive krible li menm ak madanm li aba bàl san laperèz.

Comments are closed.