Nodwes: Divès òganizasyon komemore 110 lane jounen entenasyonal dwa fanm yo nan vil Pòdpè

0 478


Pòdpè___(TRiboLAND) Plis pase yon 10 zènn òganizasion fanm nan sosyete Sivil la nan department Nòdwès la komemore 110 lane jounen entenasyonal dwa fanm yo. Se yon aktivite ki te reyini divès otorite lokal pami yo direktris depatmantal Ministè Kondisyon Fanm yo, Madame Erlande Pierre, direktè depatmantal Ministè Afè Sosyal la M. Benedic Calixte poun site sa yo selman. Nimero 1 Ministè Kondisyon Fanm yo nan depatman Nòdwès la pat mete dlo nan bouch li pou ankouraje tout fanm pou yo travay di yon fason pou ka egal ak gason yo, pandan li denonse tout zak malonèt ak gwo presyon medam yo ap sibi anba men mesye yo.

Kanta pou reskonsab Ministè Afè sosyàl la nan depatman Nòdwès la li ankouraje tout gason pou yo kore medam yo epi ba yo bonjan ankadreman yon fason pou yo pa febli nan aktivite yo. Li kontinye pou voye yon mesaj espesyàl bay tout gason ki ap maltrete medam yo kote li mande yo pou yo chwazi yon lòt metye paske fanm yo se manman lavi.



Pami òganisation kite komemore jou sa a ou jwenn: Rezo Fanm Aktif Nòdwès (REFANO), CFANO, OFDDNO, Fanm Devwe poun site sa yo sèlman. Yon latriye tematik te kourone yon Jounen Refleksyon tankou: “Nap lite poun 50% ak gason,” “Fanm se Manman Lavi,” “Sispann fè vyolans sou medam yo,” e latriye… Kodonatris òganization Fanm Devwe Nòdwès yo M. Ermith Louis plede pou medam yo jwenn bonjan tretman nan men gason yo epi valorize yo paske se yo ki poto mitan kay la, Madam Hermione Tarsis plede pou dwa medam yo sispann leze, pou yo respekte valè medam yo e pou yo sispann vyole tifi ak fanm ansent yo.

Kanta Madame Jackline Raphaël, li adresse li avèk pouvwa anplas la pou yo ankadre fanm Nòdwès yo e mandé leta a pou li fè yo jwenn pa yo nan lajan kap séparé bay tout group fanm oganize yo. Tankou ONA fanm, Kredi Atè Plat ke gouvènman an ap bay nan tout lòt depatman yo.

Li enpotan pou nou soulinye, jounen mondyal dwa fanm yo fete nan yon kontèks ki vrèman difisil kote pa gen lajan, zak vyolans pa sispann repete nan yon peyi grangou ak lamizè enfènal ki ase revoltan.

Jehrbson PETIT, TRiboLAND

Leave A Reply