Endividi yo pa rive idantifye sabote sistèm elektrike lopital Lapè ki trouve-l nan Dèlma

05 – 21 – 2024
Dèlma, Ayiti _____(TRiboLAND) Responsab Lopital Lapè ki trouve-l nan Dèlma, Dr Junior Fontilus Paul ki se Direktè Egzekitif espas medikal la, anonse popilasyon an yo sibi yon zak sabotaj ki paralize sistèm elektrik lopital la.
Depi nan lannwit 18 me 2024 la, endividi yo pa rive idantifye sakaje sistèm elektrisite lopital la, sa ki lakoz majorite aktivite yo paralize; yon parèy zak malonèt riske mete lavi plizyè pasyan andanje.
Responsab yo lanse yon SOS nan kad sipò, yon fason pou evite yon katastwòf sitou bò kote pasyan ki gen pou sibi entèvansyon chirijikal yo.
Divès moun ap soufri tankou: sa ki pran bal, bebe prematire, fanm ki bezwen fè sezaryèn, moun ki dyabetik pakab jwenn swen absans elektrisite.






