Direktè depatmantal nòdwès travay piblik, transpò ak kominikasyon Joseph Angello Horacius bay lapwès detay sou reyalizasyon wout Pòdpè-Ansafolè

1,803

Par Louis Jameson 11/13/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Nan yon konferans pou Laprè, Horacius Angello ki se direktè TPTC bay anpil detay jounen vandredi12 novanm 2021.

Pou konstriksyon wout Pòdpè pou rive Ansafolè, Bank entèramerikèn pou devlopman bay benediksyon l sou yon parèy pwojè kap koute yon magogo 15 milyon dola vèt blan meriken. Kidonk, genyen 3 lòt konpayi kontraktyèl ki pwàl resposabilize konstriksyon 5 pon. Pami yo ou jwenn GMA, yon konpayi dominikèn ki pwàl asure 2 pwemye pon yo. Ekoma ak Kosima se 2 konpayi ayisyen k ap fè lòt 3 yo; alòske Tekno plan ap gen pou asure supèvizyon 5 pwodwi sa yo.

pou kèk moun, se yon pwojè ki byen òdone e define. BID nan tèt kole ak ministè finans nan peyi Dayiti, pran anpil prekosyon pou ekspwopriye jan sad we fèt moun ki gen kay e rekonpanse abitan ki gen tè. Pwojè a ap pran tan se vwe, men planifikasyon an dwe fèt byen yon fason lè lansman fèt pou pa gen sipriz ladan l. Selon pwevizyon yo, yon parèy mega pwojèpwojè ap dire 18 mwà.

N’ap raple, swit ak tout evenman ki te pase nan mwa jiyè dènye a, tout kont TPTC te bloke nan tout 10 depatman yo.

Nan kad ekspwopriyasyon, gen anviwon 30 chèk ki disponib pou 30 fanmi, dapwè Direktè Angello ki eksplike yon parèy pwojè ki mande tan sitou nan kàd verifikasyon ak antant ant moun y ap ekspwopriye e rekonpanse yo.

Comments are closed.