SOS SOS SOS Pou Lapolis, yon makònn bandi ame anvayi plizyè kay moun nan Laboul

1,059

Petyonvil, Laboul, Ayiti____(TRiboLAND) Kri a rama nan nan plizyè katye nan Laboul nan moman redaksyon nòt sila. Popilasyon ap travèse move moman. Nèg chaje ak gro zam fann fwa anvayi plizyè espas rezidansyèl nan plisyè katye anndan ak deyò Laboul.

Selon yon bon valè rezidan, plizyè kay ansekle, e bandi yo ta antre nan yon seri rezidans ap egzekite inosan 2 bwa balanse; prezans lapolis pa sinyale, alòske se latèrè total kapital pandan sitwayen yo ap rele pote sekou ak dlo nan je sou telefònn.

Comments are closed.