Yon nich òganizasyon politik atravè revandikasyon yo, pwopoze nominasyon Wilson Jeudi pou jere pouvwà tranzisyonèl tibout tan an

1,803

10/23/2021

Majistra Wilson Jeudi

Pòtopwens______(TRiboLAND) Nan yon konferans pou lapwès ki bay yè vandredi 22 oktòb 2021 an, responsab ou rapòtè sèvis CORP a, mesye Ronald Ignace pat manke bay “Ochan” pou majistra Delma a, Wilson Jeudi kòm yon antite ki eksperimante, disipline, onèt e ki reyini tout zèl kàt pèlas deblokaj ak dezenfeksyon peyi a nan men li.

Ignace ki chita sèlman nan Pòtopwens rapouswiv pou li di: yon chwà Wilson Jeudi ankadre reyalite peyisaj sosyo-politik peyi a ki chita sou pwoblèm gang, lavichè, ratman pwodwi tout kalite, devalorizasyon goud nasyonal la ak chomaj nan tout kwen nan peyi a.

Militan politik la, envite tout lòt antite atravè peyi bay jarèt ak yon parèy demach yon fason pou asure tranzisyon peyi a avèk majistra komin Delma a, Wilson Jeudi kòm pwezidan yon ti bout tan.

Comments are closed.