Gwo lapli ki tonbe sou komin Senlwidinò yèswa, mete plizyè katye nan kouri.

822

08-07-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Gwo lapli ki tap tonbe sou komin Senlwidinò yèswa dimanch 6 dawou 2023 a, lakòz plizyè zòn inonde. Se konsta TRiboLAND nan plizyè katye ki ap naje nan dlo atravè komin nan, jodi lendi maten 7 dawou 2023 a. Pami zòn ki anba dlo yo nou kap site: Vètis, Sant Vil, Dèyèri ak nan Yoyo.

Kanta pou Vètis se pon ki devan Otèl Leresif la ki bloke ak yon restoran, yon chatye blòk ki lakòz chak fwa lapli tonbe, kay ak biznis moun yo inonde.

Popilasyon an ap mande otorite yo ak “politisyen bèl pwomès” yo kap tann eleksyon yo, voye je gade yo nan moman bezwen sila, ki mete plizyè katye nan Senlwidinò ap pran lanm.

Comments are closed.