PM Ariel Henry ta sanble pa genyen abilite pou nome moun ki pwòp nan gouvènman l lan

2,218

10/23/2021

(TRiboLAND) Nan mwens pase 3 jou demisyon ou revokasyon Direktè a.i. Léon Charles, ki favorize nominasyon Frantz Elbé kòm nouvo Alatèt Direksyon enstitisyon PNH la ki an malmakak, Pwemye minis Ariel ta sanble apènn kòmanse nan toumant pou vann yon bon imaj yon seri antite ke li nome nan swadizan gouvènman lap dirije a.

Doktè Ariel Henry ap fè fas kare pwèske chak semèn ak yon seri grenn senk ke li chwàzi; tanto yo enplike nan aktivite gang kap travay pou yo; tanto se yon seri figi imoral ki te deja ap benyen nan kòripsyon e ki deja kontribye nan efondreman peyi a. Selon kèk kritik, Ariel ta sanble gen afinite pou moun san karaktè e ki te deja ap patoje nan malpwopwete, bandi kòl nan kou ki danse kole ak gang. Yon model ki pa depaman ak pwatik PHTK a.

Pou anpil sitwàyen, Ariel Henry fè chwà moun ki nan sikwi li; se “menm plim menm plimay” ki genyen menm defisi karaktè ak moralite. Konsa, sa pa ka etone pèsònn moun ke minis Enteryè ak Jistis, Liszt Quitel ta yon pwezume chèf gang ki ta sanble genyen rezo gang kap kidnape moun pou li tankou kidnapping pastè legliz “Jesus Center” a, Jean Michel Ferrer. Ajoute ak sa, pou Ariel kontinye mete dlo nan je popilasyon ayisyèn nan e pou kontinye plan efondreman PHTK a, li asèpte rekondwi yon moun ki te deja ap pyafe nan kòripsyon nan tèt Sonapi.

Pandan ke peyi Etazini egzije depozisyon imedya minis Enteryè ak Jistis, Liszt Quitel; gwo kesyon an, se ta chèche konnen ki wòl minis Jistis la jwe nan kriz otaj misyonè ameriken yo ak kidnapè ou gwoup gang sangwen “400 Mawozo” a?

Konsa, genyen anpil lòt skandal dlo sal ki genyen pou fè sufas sou yon seri gwo nominasyon ki jwen benediksyon Ariel Henry kap fè fas ak yon anemi konfyans, moralite ak onètete parapò ak akwentans li ki ta sanble tèt koupe ak yon seri demolisè peyi. kidonk, Ariel pa kapab dezenfekte antouraj li!

Anpasan, nominasyon Frantz Elbé ki ta sanble jwen benediksyon ansyen senatè Nenel Cassy (SDP), deja genyen anpil soupson dlo sal kap swiv li. Nouvo Alatèt PNH la ta sanble genyen yon pase resèlèz ak kòkòday ak chèf gang tankou Ti Elie nan Kwadèboukè ak enplikasyon nan disparisyon 3 jèn nan ane 2004.

Si akizasyon sa yo ta genyen fondman vrèman; li enpòtan pou moun kesyon reflèks, akwentans, asosyasyon ak rapò Ariel Henry ak yon ekip atoufè kap anbarase larepiblik. Anplis, ki sa ki anpeche limyè fèt egalman sou rapò Nenel Cassy ak nouvo Alatèt PNH la ki ta sanble bwadwàt senatè a ou yon antite pitit depatman Nip lan pa sispann enpoze larepiblik.

Peyi a, pa kapab kontinye nan menm vye pwatik parennaj sal sa yo; nan plase moun pa nan yon seri enstitisyon nan peyi a pou mileyàj politik. Anpil chèf deta enplike ragagann nan efondreman peyi a; sepandan nan 10-15 dènye ane yo, 80% senatè, depute ak jij kontribye nan yon parèy efondreman. Se yon klas ki echwe peyi a parapò ak nivo, mès yo, pwatik yo ak pase yo ke nasyon ayisyènn nan pa vle wè ankò.

Si se peyi oubyen fatra ak chawonj nap jere, an nou fè sa pi klè pou tout moun! Dayè, nan aktyèl “Ti miyèt Sena” a, genyen 2 senatè ke popilasyon ayisyènn nan konsidere kòm pwezume kidnapè. Anfen, se yon veritab gwoup abolotcho ki fè dap piyanp sou Leta Ayisyen nan plase ak founi zàm bay kidnapè. Kidnapè supòte ou pwomote kidnapè!

Enel Richard

Comments are closed.