Willy Saint-Franc voye jete tout vye konplèks e pran wout komès kap ede l suviv

2,278

Par John Jean Jacques

Nan kad yon repòtaj ke jounalis Rambo te reyalize pou Tribolan.com ak kèk ti machann nan vil Pòtpè pou konnen nan ki kondisyon y’ap viv, nan ki nivo ti sa yap fè a ede yo, Saint-Franc Willy (SF) yon jèn gason ki chwazi pran wout komès ap esplike nan yon entèvyou ak TRiboLAND kòman lap bwàse pou li kapab suviv ede fanmiy li.

Tb: Nan ki sikonstans ou rantre nan biznis sa ?

SF: Mwen rantre nan biznis sa, se paske mwen pa wè sa poum fè poum pran swen madanm ak pitit ke mwen genyen

Tb: Nou wè kè w kontan di nou non, ki sa ki esplike sa ?

SF: Pwiske mwen pa yon moun ki konplekse, mwen toujou souri ak tout moun, pale avèk yo byen pou yo ka fèm vann.

Tb: konbyen tan ou genyen depi ke ou antre nan aktivite sa ?

SF: Mwen gen 20 lane depi map fè komès men aktivite sa mwen gen yon ane depi mwen ap fèl.

Tb: Ki komès ou te konn fè avan ?

SF: Mwen te konn vann tenis, soulye; mwen te konn achte pwodwi Sendomeng yo, men jodi a pwiske se Pòdpè mwen ye, mwen sispann komès sa.

Tb: Eske se paske gen difikilte pou vwayaje ki koz ou pa fè komès sa yo ankò ?

SF: Pwiske se Wanament mwen tap viv lèm tap fè komès sa yo, mwen chanje zòn, mwen pa k rete bwa kwaze mwen te oblije rantre pran nouvèl aktivite sa.

Tb: Eske sa wap fè a pèmèt ou pran swen fanmiy lan ?

SF: Mwen degaje m jan mwen kapab, paske mwen toujou voye kòb pou yo.

Tb: Pwiske se yanm, pòmdetè, bannann, grenadya… Wap vann, lè lapli pa tonbe kòman komès la ye ?

SF: Lè lapli pa tonbe, nou gen anpil pwoblèm paske se lapli ki pou fè manje yo donnen.

Tb: Eske gen pwodwi ou achte ki konn pran tan pou vann oobyen ki konn gate ?

SF: Grenadya yo konn sèch, yanm nan tou, lè pa gen lavant li konn sèch. Mwen konn oblije vann yo a ti kal pri pou yo pa gate nèt.

Tb: Kòman nou menm machann yo, nou viv atè a ?

SF: Ou konnen, se pa tout moun ki vle wèw avanse men gen anpil moun ki apwesye m e ankouraje m.

Nap raple ke Saint-Franc Willy se Senlwi ak Ansafolè li achte poul revann. Dèfwa se kòb li pwete oubyen achte kredi pou l revann yon fason pou l gade kòman li ka fè dis kòb pou l pran swen fanmiy li ak voye pitit li lekòl. Vwàla yon bon egzanp ki merite ankourajman ak pwomosyon tout jèn sitwàyen konsekan ki pa vle pran wout “gang sangwen” ki pa sousye pou lavi yo ak lavi lòt moun.

Comments are closed.