PNH demanti tout rumè ki vle fè konpran genyen plizyè ajan sekirite li ki blese nan operasyon anti-gang Kwà Dèboukè a

1,721

09/19/2021

Pòtopwens____(TRiboLAND) Nan yon nòt li mete deyò, direksyon PNH la demanti ou voye jete tout rumè san fondman ki vle fè kwè enstitisyon an anrejistre plizyè blese nan operasyon mache pran group gang 400 Mawozo (Lanmò San Jou) jounen samdi 18 septanm 2021 nan Kwà Dèboukè.

Paralèlman, nan yon video kap fè laviwonn dede rezo sosyàl yo, alatèt gwoup sangwen 400 Mawozo a, “Lanmò San Jou” deklare ke yo soti sen e sof e arive krible plizyè polisye. Konsa, li lanse yon defi bay enstitisyon PNH la e pwomèt anpil gwo repwezaj demen lendi 20 septanm 2021 an.

Comments are closed.