7 prezime bandi mouri sou Wout Frè nan komin Petyonvil.

820

03 – 27 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Pou pipiti 7 prezime bandi sangwen mouri nan lannwit 26 pou louvri 27 mas 2024 la, Wout Frè, komin Petyonvil.

7 prezime bandi sila yo, jwen lanmò yo, nan kad echanj kout zam ak lapolis nan zòn Kolèt pandan genyen ladan yo, se popilasyon an, ki touye yo tou prè Mache Trelè an, sou Wout Frè.

Selon enfòmasyon ki disponib, prezime bandi sa yo, ta moute yon baz pou anpeche lapolis fè entèvansyon nan Fyèf chèf gang Vitelhomme Innocent ki tap fete anivèsè nesans li.

Comments are closed.