Divizyon ant “Label Evazyon” mizik ak “Tafa Mi-soleil”

2,638

04/11/2022

Nan yon nòt ekip kominaksyon fòmasyon mizikal “Label Evazyon” mete deyò samdi 9 avril 2022 a, li anonse fen kolaborasyon “Label” la ak “Tafa Mi-soleil”

Aprè 5 lane mariyaj ak yon diskou revolisyonè nan diferan mizik ki soti anba Label, kèk enfòmasyon depi kèk tan ta fè kwè ke se ta chanjman liyn bò kote atis Tafa ki lakòz yon separasyon parèy.

Pou ekip la, se te on bèl avanti men ki rive nan bout li aprè patisipasyon atis la sou plizyè mizik tankou “Woman is life”, “Mizik sove vim”, “Zetwal yo konn etenn” pou site sa yo sèlman. Se Konsa Label Evazyon mizik swete Tafa siksè nan pwochen karyè li.

N ap fè w konnen, teni kont de diskou Asid D-fi nan mizik fas mesye “san cheve” yo nan peyi a, sa pa gen lontan depi Tafa Mi-soleil jwenn viza pou peyi Etazini e rive jwe nan Anbasad Dayiti ki twouve l lakay blan meriken.

Comments are closed.