TRiboLAND lanse yon lòt fwa ankò yon gran seminè sou fabrikasyon pwodwi chimik.

1,206

Média network TRiboLAND.com lanse, pou yon lòt fwa ankò, yon gran seminè sou fòmasyon fabrikasyon pwodwi chimik ; sèt fwasi nan Polen/Lakòn, komin Pòdpè, sòti jedi 11 pou rive vandredi 12 dawout 2022 a, swa 8h-4h.

08-06-2022

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Nan sousi pou goumen kont delenkans Jivenil la kap taye banda, ak pou diminye fenomèn ensekirite a nan nòdwès, média network TRiboLAND.com deside lage degidon ak yon seri fòmasyon, pami yo:”Fòmasyon sou fabrikasyon pwodwi chimik.”

Konsa, aprè direksyon jounal la te fin reyalize ou fasilite plis pase 60 aprenan fè plis pase 20 pwodui chimik ak endistriyèl nan lokalite Nan Palan, toujou nan vil Pòdpè, koulya li deside vire pwojektè li, sou 3e seksyon Polen / Lakòn, ki genyen anviwon 54 lokalite, yon mannyè pou ede jèn fanm ak jèn gason nan seksyon kominal sila, aprann fabrike pwodui chimik ak endistriyèl.

Seminè sa a, ki konte òganize nan lokalite Mòn Kayo, nan lokal Legliz Evanjelik UEBH la, ke tout moun konnen sou non legliz Bruce la, pral akeyi plis pase 50 jèn ki pral aprann fabrike anviwon 21 pwodui chimik ak endistriyèl gratis.

Pandan ke fòmatè yo ap pare pou yal resevwa aprenan yo nan dat 11-12 dawou kap vini la, estaf TRiboLAND nan ap di byenvini epi bòn patisipasyon ak chak aprenan.




Comments are closed.