Yon majistra nan rejyon Wèsmont genyen 6 chèf akizasyon ou enfwaksyon dewontolojik ki tonbe sou li pou derespektan

78
0
Share:
TRiboLAND

07/17/2026

Wèsmont, Kebèk_____(TRiboLAND) Yon majistra ki pote non Michael Stern trouve li anba selèt akizasyon devan yon Komisyon minisipal ki se yon tribunal administratif nan Kebèk, akoz mo devègonde ak derespektan ke li fè avèk anplwaye minisipal li yo.

Selon plent yo, se yon seri ensidan ki ta pwodwi pandan seyans travay nan entèval 8 ak 9 avwil e 22 me 2026 la. Konsa, konpòtman derespektan ou immoral majistra Stern ta pral fasilite rekèt de ankèt ak pouswit pou antegrite minisipal bò kote Direksyon an (DEPIM).

Antouka, majistra Michael Stern pran nan woule; li genyen 5 chèf akizasyon ki pandye sou tèt li. Genyen nan chèf yo ki soti bò kote direktè finans, direktris resouzimèn, direktè jeneral adjwen, ak direktris sèvis jiridik e latriye. Deblozaj sila ki mete Stern nan won san baton, koresponn aka tik 7 ak 8 nan Kode tik ak dewontoloji Wèsmont. Nap raple, Atik 7 la entèdi manm konsèy minisipal yo pa sipoze derespekte lòt manm konsèy yo ak lòt anplwaye e sitwayen nan minisipalite a. Alòske, Atik 8 la pa tolere move kondwit ak menas ki vize atake onè ak dinyite moun pandan yo nan yon pòs eli.

Jiska prezan Komisyon Minisipalite Kebèk la kontinye ap trese lèl ak dosye a. Selon enfòmasyon yo, yo estime ke sante, sekirite ak byenèt anplwaye se premye pwiyorite yo. Sepandan, komisyon an chwazi pa detaye twòp sou ankèt la; men raple ke pwosesis la se yon bagay ki trè konfidansyèl pandan ke yo pa ko jwen yon dat odyans lan tranche sou alegasyon sou Direksyon sèvis anketè a.

Share:

Leave a reply