Yon prizonye mouri nan lopital Jeneral Nòtredam Tigwav la.

179
0
Share:
TRiboLAND

06 – 17- 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Etienne Philippe mouri nan lopital Jeneral Nòtredam Tigwav la, nan lannwit madi 16 pou louvri mèkredi 17 jen 2026 lan, aprè yo te fin transpòte li nan ijans lopital la pou l te resevwa swen ka li te nesesite.

Etienne Philippe te arete nan komin Bomon nan depatman Grandans peyi a, 11 jiyè 2025 pase a. Lajistis te repwoche li paske li te sove kite gran prizon sivil Pòtopwens, 2 mas 2024 pase a nan moman “viv ansanm” te sakaje prizon an, premye fwa yo arete li pou eskokri, asosyasyon malfektè, izaj fo, selon sa ki nan dosye li.

Nap raple, Etienne Philippe te fè prizon Okay, yo te transfere li nan prizon sivil jiridiksyon Tigwav akoz yon tranbleman tè ki te pase nan depatman an.

Share:

Leave a reply