PM Ariel Henry voye an eta disponiblite 3 Gran Toryan nan fonksyon piblik la

1,501

09/13/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Aswè lendi 13 septanm 2021 an, pwemye minis Ariel Henry nan yon konsèy minis “bwit sou kou” ki gen pou wè avèk bay nouvo akò politik la jarèt ; yon akò ke anpil antite popilè konsidere kòm yon akò krizokal, mete pantalon li nan tay li aswè a lè li deside voye an eta disponiblite sekretè jeneral consèy minis yo, Rénald Lubérice, minis Jistis ak sekirite piblik la, Rockfeller Vincent ak Komisè gouvènman, Claude Bed-Ford.

Akò sa ki vi bay pouvwà Ariel Henry la anpil jarèt, kòmanse ap debleye payaya sou tèren an ki tap fè fòtin e kontribye anpil nan plonje peyi a nan salte li ye la.

“Antouka, chanje mèt chanje metye”, Ariel ta sanble li genyen zèl kat pè las nan men li pou rache ak separe e menm pataje gato a ak yon pwèlyèn nan opozisyon an ki pat vle danse kole ak Jovenel Moise. Kèk kritik rete kwè, nan jou kap vini yo, pwemye minis Ariel Henry pwàl avanse plis kout zo ki pwàl pèmèt anpil annafè pèdi pouvwà ak benefis bab e moustach.

Comments are closed.