Jwenn aksè pou rantre nan sikisal (BNC) jeremi an se monte yon veritab ma swifye.

908

04-24-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Anpil fwa sikisal bank nasyonal kredi nan Jeremi pa genyen pwatik kote ke kliyantèl lan vinn fè tranzaksyon chak jou ladan’l, poutan lè leta voye chek pwofesè, polisye, medsen ak lòt fonksyonè nan administrasyon nan fonksyone piblik la, espas sila tounen yon savann, kote ke fanm kou gason ap mete men.

Antre pou fè yon tranzaksyon nan sikisal BNC nan vil Jeremi, pa bagay piti. Fòk ou pare pou akwochay e menm kase pari avèk lapolis, menm lè pa ta vle fè sa. Anpil nan ka sa yo, konn genyen gro epizòd lòbèy kote ke lapolis mete li sèl kòk chante pou kreye lòbèy nan okipe espas yo an avantaj tèt yo ak mounpa. Yo pa konen ni fanm ansent ak granmoun ki, souvan pa epanye anba bwitalite: gaz akrimojèn pou imilye lòt kliyantèl yo, jis pou rantre fè rakèt ak fòs antanke polisye.

Fas ak tout kalamite sa yo, ki se alafwa yon maswifye sitou pou kliyantèl bank lan, ki pa itilize lafòs pou jwenn sèvis yo bezwen kòm sitoyen sitoyènn, yo mande responsab bank nasyonal kredi yo, mete yon lòt sikisal ki pou desèvi moun Grandans.

Comments are closed.