Rekonstriksyon katedwal Sen Lwi nan Jeremi seyon pwiyorite pou chak moun, selon Kòdonatris Òganizasyon Jeremi Reveye w lan”, madam Kethlène Charité B. Elize

08 – 31 – 2026
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan dat 3 – 4 Oktòb 2016 katastwôf natirèl Matye, tranbleman tè 14 Dawout 2021, 2 gwo tonton evenman te konplètman fwape e andomaje patrimwànn kiltirèl ou relijyez, katedral Sen Lwi ki te nan tan lontan atire moun kap vizite vil Jeremi.
Kòdonatris “Òganizasyon Jeremi Reveye – w”, madam Kethlène Charité B.Elize, ki se pitit fi vil Jeremi te antrepwann yon seri demach bòkote ansyen konseye Louis Gerald Gilles ak ansyen minis ekonomi ak finans lan, Alfred Methelus; san konte ak sipò aktyèl PM Alix Didier Fils Aimé, anonse yon chèk sibvansyon vensenk milyon goud ki al jwenn evèk dyosèz Jeremi an, Joseph Gontrand Descoste. Magogo sila, pral yon diplis sou sa ke dirijan eklezyastik yo ap kole pyese pou antrepwann pou rekonstriksyon katedwal Sen Lwi nan vil Jeremi.
Pou chèf legliz katolik lan nan dyosèz Jeremi, pwojè a se rekonstlokal katedwal Sen Lwi an defason ” Idantik “, ki vle di repwodwi menm achitekti a e menm koulè a. Pou evèk la, prepasyon sòl lan sèlman, ap koute plizye milyon dola blan ameriken; e se fim konstriksyon (PROCHE) ki genyen responsabilite pou vanse avèk yon parèy pwojè.






