Nòdwés : Reyaksyon lapolis sou ensidan kay boule a

1,890

09/10//2021

Pòdpè ______(TRiboLand) Yon jou apwè eklatman gwo dife ki okazyone yon kay ki te gen gazolin anndan l boule rapyetè, direktè depatmantal , Polis Nòdwès la , Daniel Compère, nan yon entèvou li akòde TRiboLAND jounen vandredi 10 septanm 2021 an, lonje dwèt jouda sou 3 antite nan vil Pòdpè li di ki lakoz site Kapwà Lamò a te anbwanl anba flanm dife, yè jedi 10 septanm 2021 an .

Antite sa yo se pwopriyetè ponp yo, ponpis yo, ak machann gaz atè yo ki makònen sosis yo ak mèt ponp yo pou fè mache nwa ak gaz la.

Alatèt Polis Nòdwès la , Daniel Compère, deklare ” lapolis ak lajistis deja deplòtonnen atravè depatman Nòdwés la nan tout estasyon ponp yo nan kad kontrekare lavant gaz atè nan lari a yon mannyè pou mete pwen final ak zak malonèt sa yo ki pa sispan mete vil Pòdpè nan 2 ran byen pwès.

Antouka, malgre gen gaz nan ponp yo , sa pa anpeche pwopriyetè veyikil yo ki monte tant yo depi 5 h dimaten pou boske yon timiyèt gaz ki kapab fasilite alimantasyon veyikil yo. Pou anpil kritik, se te nad marinad, paske gaz la kontinye ap laloz atè e vann arezon 750 goud Lescot!

Comments are closed.