Bandi sangwen kidnape yon ansyen bèl-fi Pwemye minis Ariel Henry

1,858

09/11/2021

Petyonvil______(TRiboLAND) Lara se non yon lòt viktim kidnapping ke bandi sangwen ame anlve nan apwè midi jounen vandredi 10 septanm 2021 an nan zòn otèl NH-El Rancho nan ri Panamerikèn nan, nan Petyonvil.

Foto Lara pa sispan paweze sou tout rezo sosyàl yo yon ti bout tan apwè zàk la. Enfòmasyon yo ta vle fè kwè ke viktim nan se pitit yon ansyèn boubout soukote PM Ariel Henry; li ansent 7 mwà.

Sepandan, bandi kidnapè yo poko devwàle kantite magogo lajan ki yo konte mande kòm ranson pou Lara ki se pitit Doktè Pierre Alix Nazon.

Comments are closed.