Legliz Sen Monfò Pòdpe demare Ofisyèlman ak sezon Karèm lan

202
0
Share:
TRiboLAND

02/18/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Aprè peryòd kanaval la, Legliz Sen Monfò Pòdpe lanse ofisyèlman tan karèm nan pandan selebrasyon ekaristik ki fèt chak mèkredi aprè kanaval, yon rityèl ki repete nan tout mond lan, jou katolik yo rele Mèkredi dè Sann. Nan moman mès la, pè yo trase yon kwa ak sann sou fwon fidèl yo, kòm senbòl penitans ak imilite. Pandan rit la, yo raple pawòl sakre a: “Nou se pousyè, nap tounen pousyè.”

Tan karèm nan, ki dire tradisyonèlman 40 jou, se yon peryòd refleksyon ak konvèsyon espirityèl kote fidèl yo medite sou pasyon Kris la ak soufrans li sou wout Gòlgota. Se yon tan lapriyè, jèn ak sakrifis pou prepare kè yo pou fèt Pak la.

Depi vandredi 20 fevriye rive vandredi 3 mas, chak vandredi ap gen Chemen Kwa, yon devosyon espesyal kote fidèl yo swiv etap soufrans Jezi Kris la. Legliz la ankouraje tout kretyen viv tan sa a nan penitans, pataj ak solidarite anvè sila yo ki nan bezwen.

Share:

Leave a reply