Ofisyèlman yon nouvo evèk nan tèt dyosèz Pòdpè a

254

09\06\2020

Pòdpè____(TRiboLAND) Samdi 5 septanm 2020 an make seremoni entronizasyon yon nouvo evèk nan Dyosèz Pòdpè a, Mgr. Charles Peters Barthélus ofisyèlman antre an fonksyon kote ke li ranplase Mgr. Pierre-Antoine Paulo ki pran wout retrèt li.

Mgr. Charles Peters Barthélus

Seremoni entronizasyon an te fèt nan Katedràl Imakile Konsepsyon, Pòdpè. Plizyè otorite federal, lokal ak yon krèy Gran Toryan legliz katolik te fè deplasman; pèsonaj remakab tankou kadinal Chibly Langlois ak anpil evèk san konte yon latriye prèt ak mè te fè yon parèy evenman, youn ki pi remakab e istorik nan istwa legliz nan Nòdwès peyi a. Mgr. Paulo, ki se evèk sòtan an te fè anpil bwas pou te fasilite transisyon sa ke anpil moun bat bwavo pou li. Li pa manke eksprime yon gwo djakout rekonesans pou akèy ak anpil gwo eksperyans ki make vokasyon sasèdosal li nan Nòdwès. Konsa, li swete wè popilasyon travay menm jan avèk nouvo evèk la ki deja santi ke li lakay la!

Mgr. Charles Peters Barthélus ki se yon natif natal Machan Desalen (dyosèz Gonaiv), te fèt 14 novanm 1970. Li te antre nan Grand Séminaire Notre-Dame d’Haiti nan lane 1990 e sòti aprè ke li te boukle dezyèm sik teoloji li nan lane 1996. Li te jwen òdinasyon dyakonal ak sasèdosal li nan lane 1998 e plase nan acheveche Pòtoprens. Nan kèk ane aprè, li te nome vikè pawòsyàl pawòs Sainte-Anne nan Pòtoprens (1998-2001); e administratè pawòs Sainte-Thérèse nan Pétion-Ville (2001-2011).

Mgr. Charles Peters Barthélus ki dote yon lisans nan liturji avèk Enstitu Katolik Paris, te vis-rektè Grand Séminaire Notre-Dame d’Haiti lòske yo te nome li kòm nouvo evèk dyosès Pòdpè 14 avwil 2020 an.

Comments are closed.