Pòdpè: ansyen majistra Josué Alusma maltrete yon jènn demwazèl e menm tire dèyè l sou yon tè eritye

678

Pòdpè____(TRiboLAND) Sa pa gen 15 jou depwi ke Komisè gouvènman Pòdpè a, Mèt Jean Volmy Bellamin tap alète delege depatmantal la pou ramne ansyen majistra Josué Alusma alòd e te menm mande direktè depatmantal Polis la pou konfiske tout zam ke meri a te genyen an posesyon li; tout sa se te pou anpeche yon seri aksyon kriminel repete.

Antouka, tèl di tèl fè! Si 2 semènn pase Alusma te nan konfwontasyon e fè dap piyanp sou yon tè eritye fanmiy avoka Eddy Baltazar, e te menm menase pou touye li sou pwòp tè li, ebyen fwa sa se sou yon lòt tè ki pou fanmiy Vassor.

Ansyen majistra Alusma, ke popilasyon an trè konteste arive you lòt fwa ankò benyen an san yon jènn demwazèl ki pote non Yvette Vassor ki eritye tè papa li ki desede ki rele Yvon Vassor.

Tayi Vassor ansyen antreprenè, bòkò e chofè nan vil Pòdpè trouve li nan diskisyon pou rann pòsyon tè Yvon Vassor yo a petit defun an, konsa, li refize totalman fè yo jwenn sa ki pou yo. Kidomk, pou anpeche yo pa jwenn anyen kòm eritye, Tayi Vassor nan konfyolo ak pitit gason li ki rele Ti Kès Vassor, chwazi de preferans fasilite yon demi kawo tè bay majistra Josue Alusma yon fason pou li arive konbat pitit Yvon Vassor yo sou tè ki rele papa yo chèmèt chèmètrès. Konsa, majistra te parèt ak yon gwoup chimè sou tè a vè 2 zè jodi 24 jwen an pou arive mete Yvette deyò sou tè a. Konsa, yon ajan sekirite majistra a arive maltrete Yvette ak kout bòt e blese l ak plizyè kout zam nan tèt. Alòske Yvette tap eseye leve kouri, Alusma rekòmande pou sekirite a reprann demwazèl la e kontinye pilonnen l. Selon Yvette, tout zal malonèt say o pase an prezans yon jij ki rele Dumajeune.

Yvette Vassor

Pou yon dezyèm fwa, Yvette te fè tantativ pou kouri apwè anpil sakad; fwa sa li te resi sove men Alusma tire yon bal dèyè l, Bondye fè li pa pran katouch la, dapwè yon entèvyou ke Yvette te akòde a Radio Marconi FM nan vil Pòdpè.  

Ajoute a sa, Alusma ki konnen ke li nan kòkòday ak antèt PNH la nan depatman Nòdwès la, li deside ak konplisite plizyè polisye minote e lage Yvette nan gadavu. Konsa, se gras a entèvansyon komisè gouvènman an Jean Volmy Bellamin ki fasilite Yvette jwenn liberasyon l apwè anpil rezistans bò kote yon ekip polisye ke yo akize ki nan konfyolo ak Alusma ansanm ak kò gang lan.

Anpil moun akize direktè depatmantal PNH la Monès Auguste kòm moun ki nan kòkòday ak Alusma ki achte depatman sa lajan kontan. Antouka, yon sitiyasyon ki revòlte divès sitwayen, yo menase pou yo mete vil la tèt anba e akize delege depatmantal la ak tout Jovenel Moise ki nan konfyolo ak Josue Alusma egalman.

Comments are closed.