Òkès Septentrional plonje nan dèy

1,680

09/08/2021

Kap Ayisyen_____(TRiboLAND) Chantè vedèt pwensipal fòmasyon muzikal Septentrional nan Okap Ayisyen, Yvener Étienne alyas “Sore” di monn lan babay apwè ke li te pase yon bout tan ap san gaya.

Yon parèy nouvèl lage anba dèy ak konstènasyon direksyon muzikal Septentrional la, dapwè yon nòt ke yo mete deyò. Pa genyen oken dout; yon parèy disparisyon pwàl kreye yon gwo vid nan òkès Septentrional, La boule de feu d”Haiti.

Yvener Étienne te chantè pwensipal nan kare diazz la; li te pase plizyè jou nan yon lopital nan Milo; atis la mouri apwè seryez konplikasyon dyabèt. Li te genyen 52 lane. Ke nam Étienne repoze nan lapè e ke Letènèl console tout sa yo ke lanmò afekte.

Comments are closed.