Nouvo chanjman ankò anndan PNH la kontinye ap fè mikala’w

410

03/26/2021

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Direktè PNH la, Léon Charles pa konnen ki sen pou li rele nan fè demagoji ak akimule enkonpetans nan miltipliye chanjman anndan lapolis la.

Konsa, alatèt PNH la opere yon lòt fwa ankò chanjman nan wo kòmandman lapolis la; fwa sa, li pwosede ak nominasyon Monès Augustin, direktè toulimen Santral Polis Administratif la.

Augustin ki pase 3 mwa sèlman nan tèt direksyon polis woutyè a, sede yon parèy pozisyon bay komisè Castro Jean Prévil ki jwen benediksyon Léon Charles ki t’ap sanble l’ap moute mòn ak yon parèy djòb nan direksyon PNH la.

Comments are closed.