Jakmèl sou tansyon : elikoptè militè ap paweze nan syèl pandan Segen ap plonje nan laterè

04/20/2026
Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan aprèmidi lendi 20 avril 2026 la, plizyè sitwayen nan vil Jakmèl te sezi remake prezans de (2) elikoptè ki t ap fè plizyè ale-retou nan zòn ayopò a. Chak fwa yo poze, yo reprann lè ankò apre kèk minit, sa ki te atire anpil kiryozite ak kesyon lakay popilasyon an.
Daprè enfòmasyon k ap sikile, elikoptè sa yo ta pote militè ki angaje nan yon sesyon antrennman nan rejyon an. Men, mouvman sa yo rive nan yon moman kote klima sekirite a deja frajil, sa ki fè anpil moun ap eseye konprann si gen yon lyen ak sitiyasyon aktyèl la.
Nap raple, depi plizyè jou, zòn Segen ap viv anba gwo menas bandi ame ki pa gen pitye. Yo deja touye plizyè dizèn moun, pandan popilasyon an ap kouri kite kay yo pou chèche refij. Prezans elikoptè yo soulve kesyon sou posib entèvansyon otorite yo pou reprann kontwòl sitiyasyon an.






