Bandi sangwen touye anba bàl Reveran pè Sylveste André nan Okap Ayisyen

2,004

09/06/2021

Okap_____(TRiboLAND) Bandi sangwen ame, mete yon lòt fwà ankò dlo nan je legliz Katolik nan vil Kap Ayisyen jodi apwè midi lendi 6 septanm 2021 an, lè yo deside atake e krible anba bàl Reveran pè Sylveste André ki te soti fè yon tranzaksyon bankè nan Ri 11A, nan dezyèm vil peyi a.

Malgre mannèv ak trese lèl moun nan popilasyon kapwàz la tap miltipliye pou kouri bwit sou kou ak pè Sylveste lopital Justinyen nan Okap Ayisyen, relijye a pat gen chans echape anba yon parèy atak. Li mouri an pwezans plisyè lòt pè ki te pwese kouri al wè li lopital la nan menm apwe midi 6 septanm nan.

Kondoleyans pou denominasyon katolik la ki, yon lòt fwà ankò ap plere depa yon lòt byen neme ki pati nan yon segonn. Ke nanm li repoze anpè e ke espwi li tounnen yon pongongon chak jou Bondye mete kont kriminèl yo ki mete fanmiy, fidèl ak zanmi nan dèy ak konstènasyon.

Comments are closed.