Endividi pesòn pa rive idantifye rale zam sou medsen lopital Jistinyen nan Okap, lakòz pòt lopital la fèmen.

864

03-23-23

Kap-ayisyen, Ayiti___(TRiboLAND) Endividi ame ak gwo zam fann fwa, sangwen ke pesòn pa rive idantifye, rantre san onè e san lizaj anndan Lopital Inivèsitè Jistinyen nan Okap-Ayisyen. Malfwachyen yo rale zam sou yon medsen, nan lannwit 22 pou leve 23 mas 2023 a.

Swit ak zak malonèt sila, direksyon lopital la, pran desizyon fèmen pòt li epi mete deyò tout maladi ki tap pran swen nan lopital la.

Li enpòtan pou konnen, nan dènye jou sa yo nan 10 depatman jewografik peyi Dayiti, pesòn pa epanye anba aktivite gang sangwen kap miltipliye laterè ou krim san parèy chak jou pi plis.

Comments are closed.