Okap Ayisyen : yon gwoup sitwàyen rele koukouwouj dèyè direktè PNH la, Léon Charles

1,025

07/21/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Nan kàd yon jounen travay ak diferan antite nan lapolis la pou sekirize funeray pwezidan nasyonal pwezidan defakto Jovenel Moise kap fèt nan Madlin, Okap Ayisyen vandredi 23 jwiyè 2021, yon gwoup sitwàyen nan dezyèm vil peyi a rele chalbarik dèyè direktè PNH la, Léon Charles.

Sitwàyen sa yo ki te gate wonn jwèt la ak yon lapli kout wòch te kreye gwo panik leve kouri nan pwoteste kont Léon Charles ke yo akize ak plizyè lòt manm nan gouvènman PHTK a ki konplis nan asasinay pwezidan Jovenel Moise 7 jwiyè dènye nan Pèleren, Pòtopwens. Dirèktè lapolis la ansanm ak kèk lòt makrèl te oblije pran lyann demakaj pwese pwese pou kouri anndan Meri Kap-ayisyen yon fason pou sove po yo.

Plizyè katouch ak gaz lakrimojèn te tire sou pwetèks pou dispèse gwoup sitwàyen sa yo ki tap mande jistis pou Jojo e pwoteste pwesans yon seri jouda tankou Michel Martelly, Claude Joseph e latriye ke yo estime ki pa inosan nan lanmò defen an. Yon sitiyasyon ki pat kite yon seri jounalis etranje endiferan.

Antouka, plizyè manm nan gouvènman PHTK a ki deside pote tèt nan Okap alokazyon funeray Jovenel Moise, pa byen resevwa nan vil la. Anpil sèktè nan popilasyon an lonje dwàt jouda sou yo kòm kwà yo ta genyen men yo tranpe nan asasinay chèf leta a ki se pitit natif natal depatman Nò peyi a.

Plizyè wout stratejik twouve yo andikape ak barikad gwo kamyon pou kreye yon sitiyasyon “anwo pa moute ak anba pa desann”; alòske yon lis non plizyè annafè te deja ap sikile sou rezo sosyàl yo kòm moun yo deklare “persona non grata” ki pa dwe pwezan nan antèman Jovenel Moise la nan Okap ayisyen.

Paralèlman, te genyen gwo aktivite tout kalite devan Meri Kap-ayisyen an; gwo entèaksyon ant tout senpatizan ak zanmi te alinye pou sinye liv kondoleyans defun an; gwo opalè pou fè gaye muzik sikonstans pou di defun an “ce n’est qu’un au revoir”.

Yon gwoup elèv ki te fin konpoze te pwofite deklentche yon manifestasyon san zatann sou plàs Notre Dame ki anfas municipal vil Okap. Yo te plizyè santèn ki tap mande jistis pou Jovenel Moise. Se yon seri etensèl ki ta sanble ap degaje yon move nwàj sou funeray nasyonal Jovenel Moise la ki ta sanble nan pasaj.

Nap raple, selon majistra vil la ki se Yvrose Pierre, li sezi tande ke se sou radio li apran ke funeray pwezidan Jovenel Moise ap chante nan vil ke l ap dirije a. Majistra a deklare ke li pa wè ki pweparasyon kap fè pou yon parèy evenman swa dizan kèk otorite nan Pòtopwens deja ap fè gran panpan pou resevwa yon seri gwo dinyite kap soti plizyè kote nan lemon. Pou pwezidan ou ajan egzekitif enterimè a, se nad mari nad. Poko genyen oken efò ki fèt nan kad pweparasyon; kòmanse pou retire fatra nan yon vil ki sal tankou peyn ti dan, rive nan kay papa defun an kote ke se sèl yon mozele ke yo mete sou pye.

Madàm Yvrose Pierre rele 2 men nan tèt e l ap mande bon najè ak konkou tout antite ak sitwàyen ki genyen bonjan ekipman, pou pote kole bwit sou kou yon fason pou wè kòman yo kapab dekonjesyone vil kolonyàl la ki ta sanble pa pare pou yon parèy evènman nasyonal.

Nap raple, pwemye minis sòtan an ki se Claude Joseph te fè tèt li pase nan tèt komite striktirèl ki te fòme pou responsabilize planifikasyon funeray nasyonal pwezidan Jovenel Moise la ki ta deja sanble ap pran lanm.

Comments are closed.