Lapolis libere 3 otaj nan Lenbe

191
0
Share:
TRiboLAND

08/26/2021

Lenbe_____(TRiboLAND) Lapolis nasyonal libere 3 anplwàyè konpayi Estrella yè madi 24 out 2021 an nan Lenbe, depatman Nò peyi Dayiti.

Ajan PNH yo pat pran tan pou te chèche lanvè landwàt tras 2 resòtisan dominiken ak yon ayisyen (3 anplwàyè konpayi Estrella) ke bandi te kidnape nan zòn Koup Lenbe, komin Lakil Dinò.

Konsa, anplwàyè yo arive libere gras ak entèvansyon polisyè madi 24 out 2021, dapwè yon tweet lapolis. Bandi sa yo ki te egzije yon gwo magogo lajan kòm ranson pou liberasyon otaj yo ki tap transpòte materyèl ak ekipman nan Okap Ayisyen tef è wout kwochi ak viktim yo e ekipman yo.

Nan yon operasyon tranble janm, ajan PNH yo arive libere otaj yo e rekipere tout materyèl ki te anba men bandi yo sen e sof. Pami bandi ke fòs lòd yo ap chèche tankou chyen fou: Boucan, Thony ak Couno ki pran lyan pou yo.

Share:

Leave a reply