Pou enplikasyon li nan dosye asasinay Jovenel Moise la, RIPHO envite Ariel Henry demaske’l sou pouvwà a

1,420

08/23/2021

(TRiboLAND) Nan yon kominike RIPHO ki se yon regwoupman Entèlèktyèl ak Pwofesyonèl Ayisyen ki lòt bò Dlo mande Doktè Ariel Henry pou li demaske l de pouvwà apwè ke yo fin apran ke Mesye Henry gen men li ki tranpe nan asasinay pwezidan Jovenel Moise ki te naivman fè chwà li kòm pwemye minis.

RIPHO chita sou rapò Réseau National de Défense des Droits Humains (RNDDH) fè sòti kote ke li mete deyò san filtè yon pakèt revelasyon ki ta vle fè konpran pwemye minis lan te sou telefòn nan swàre asasinay la avèk pwezume otè entèlèktyèl krim nan. RIPHO egalman deplore enplikasyon pwezume ansyen jij Kasasyon an, Wendell Coq Thélot nan yon dosye ki si sal.

Antouka, RIPHO di li choke e mete 2 men nan tèt lè li tande non pwemye minis lan pami pwezime kriminèl yo. Li estime Ariel Henry se youn nan pi gwo obstak pou avansman ankèt jidisyè yo; se pou tout rezon sa yo li dwe mache pòs li!

Comments are closed.