Gouvènman peyi Kenya fèmen yon klinik transplantasyon renal pou aktivite trafik ògàn

Nayiwobi, Kenya______(TRiboLAND) Gouvènman kenyan an fè konnen li sispann tout operasyon transplantasyon ren nan klinik Mediheal la, ke yo akize kap benyen san gade dèyè nan aktivite trafik ògàn, daprè yon rapò envestigatif ke DW ak plizyè lòt medya tankou Der Spiegel ak ZDF nan peyi Almay fè sòti.
Rapò sila ki reyèlman akablan e ki mete an evidans fason ke moun achte e vann ògàn moun nan peyi Kenya, idantifye yon rezo profesyonèl malfektè kap eksplwàte jèn kenyan ki nan nesesite ak malad ki aje e ki ap chèche ranplase ren.
An repons, responsab otorite federal yo mete yon komisyon sou pye nan objektif pou ankete sou pwatik etik klinik la; 2 responsab nan ministè sante deja jwen sispansyon yo akoz yo tap tante manipile yon premye ankèt. Konsa, nan sans sa, minis Sante a, Aden Duale anonse yon odit total bwit sou kou sou yon seri transplantasyon renal ki te fèt pandan 5 dènye yo yon fason pou restore konfyans popilasyon an.






