Pakè tribinal Pòdpè lage avi “chèche pote vini” dèyè Tayi Vassor ak plizyè manm nan fanmiy li

1,464

08/23/21

Pòdpè______(TRiboLAND) Apwè anpil kritik sou kondisyon otorite yo te mete an libète pwovizwà bòkò Antoine Vassor alyàs “Tayi”, pwezime kriminèl ki te krible anba bal Bòs Maxène (Jean Marcel) sou yon teren eritye nan Pòdpè, sou lòd pakè Pòdpè a, yon avi “chèche pote vini” lage dèyè Antoine Vassor (Tayi), Yvener Vassor, Nicolas Vassor avèk Samirel.

Konsa, responsab lajistis yo atravè Jij Paul Blanc te yon lòt fwà ankò pwosede ak fouy latèt opye nan plizyè kay Tayi Vassor posede nan Dewoulen ak nan vil Pòdpè. Pwezume koupab la ki tap jwi yon libète pwovizwà anatandan pou li te al reponn kesyon lajistis, ta sanble mete van nan vwèl li e disparèt tankou zeklè; yon sitiyasyon ke anpil moun estime se yon aranjman pou epanye pwezume kriminèl la.

Tayi, ki pa sispan benefisye pwoteksyon revandè jistis ak enjistis yo nan site Kapwà Lamò a, enplike nan plizyè konfli tè ak pwòp fanmiy li. Nou vle raple, vye konfyolo sal ak vyolans sanginè Tayi ak Majistra Josué Alusma te komèt sou yon ti nyès (Annette Vassor) pwezume kriminèl la, sou yon teren eritye nan vil Pòdpè.

Antouka, si responsab yo toujou montre key o genyen veleyite pou rapouswiv bandi; konsa, mete men sou Tayi ak tout reselè yo, se jwèt timoun!

Comments are closed.