Fondasyon Je Klere lonje dwàt sou nouvo direktè Ed’H la kòm kòriptè Fon Petro Karibe a

358

Pòtoprens____(TRiboLAND) Fondasyon Je Klere (FJK) lonje dwàt jouda sou nominasyon nouvo Direktè Électricité d’Haiti (Ed’H) a, Michel Présumé ki deja ap fè fas ak yon vag protestasyon bò kote anplwayè Ed”H yo. Fondasyon Je Klere denonse direktè a kòm moun ki te gen men li tranpe nan gagotaj Fon Petwo Karibe a.

FJK  konfime ke Mesye Michel Présumé ta’p travay kòm direktè pou yon seri batiman piblik pou Unité de Construction de Logements et Bâtiments Publics (UCLBP) ki te enstitye aprè seism la atravè Fon Petro Karibe a. Konsa, premye rapò Cour Supérieure des Comptes et du Contentieux Administratif la fè eta de responsabilite Mesye Présumé nan yon seri aksyon (projè pilot ant MPCE ak UCLPB) kote ke CSCCA kalifye kòm enfraksyon penal ki merite gwo tonton prizon, restitisyon sòm lajan ki detounen ak gwo tonton amand pou projè pilot (sant spòtif) sa yo.

Anplis, CSCCA kenbe zonbi Mesye Michel Présumé nan diferan fonksyon ke li t’ap jwe ki revele yon pakèt vyé kout gidon onivo jesyon ki pa kapab jistifye. Pa ekzanp: yon seri montan ki dekese ak montan original ki te prevwa nan egzekisyon yon seri kontra, montan soutretans ke la lwa prevwa, apèl dòf ke la lwa prevwa ki pa devwale, tout enkonsistans sa yo ke lalwa konsidere kòm pasasyon ilegal mache piblik yo, aktivite moun pa, kontra pwojè ou konstrisyon lokal CIMO a ki sinye ak INGENERIA ESTRELLA san konsantman CNMP, sufaktirasyon, abi otorite ak fè moun favè se yon seri aksyon ke Lwa 12 mas 2014 ki chita sou prevansyon ak represyon kòripsyon ki prevwa e puni.

Pou FJK, sa plis ke iritan! Malgre tout deriv ak akizasyon sa yo, Michel Présumé arive benefisye nominasyon gouvènman Jovenel Moise la kòm nouvo direktè jeneral Ed’H.

Comments are closed.