Bandi sangwen kidnape pasajè abò otobis Saint Georges ki tap antre Pòdpè

1,543

08/22/21

Basen Ble, Pòdpè_____(TRiboLAND) Yon lòt konstènasyon ankò pou moun Pòdpè; otobis Saint Georges ki imatrikile TQ-22736 e ki fè trajè Pòtopwens – Pòdpè atake e tonbe anba men bandi sangwen nan zòn Ti Bwadòm, Basen Ble jodi dimanch 22 out 2021 an.

Dapwè enfòmasyon ki rive nan sal redaksyon TRiboLAND, nouvèl yo fè eta de chofè otobis la sèlman ki ta gentan fè mannèv jete kòl; alòske ta sanble tout 32 pasajè ki te abò bis la, yo tout te antòtye anba men ravisè yo ki te dirije viktim yo nan yon zòn enkoni.

Nan moman sa, bis Saint Georges la estasyone devan Radyo Vòlkan nan Basen Ble. Anpil zanmi ak fanmiy ap miltipliye demach bò kote otorite Nòdwès yo ki ta sanble ap fè bwàs pou arive deniche otaj yo. Pou anpil moun ke TRiboLAND te arive kontakte, se yon lòt dràm pou Nòdwès ki pa sispan subi zak kidnapping ant Basen Ble e Gwo Mòn ke bandi yo estime ki pi vilnerab e pwofitab.

Selon enfo yo, pami otaj yo genyen sitwàyen ki tap antre pou fè antèman nan vil Pòdpè.

Comments are closed.