Opozisyon an nan Nòdwès bay yon konferans pou laprès maten madi 8 jwen 2021 an

395

06/09/2021

Opozisyon branch Nòdwès yo bay yon konferans pou laprès jodi madi 8 jwen 2021 an nan Pòdpè nan objektif pou kontanple gani popilè popilasyon an rive fè pou rann Jovenel Moise ak ekip li yo fè bak sou referandòm chanprèl PHTK kriminèl la.

Objektif yon parèy konferans se lanse egalman yon mesaj initè nan opozisyon laj la atravè peyi a yon manyè pou demaske Jovenel Moise ak ekip sanginè l yo nan figi pèp ayisyen an.

Konsa, nan menm moman sa opozisyon an pwofite denonse prezans OEA ki vin nan peyi a sou pretèks lap vin rezoud kriz, alòske se OEA ki patisepe nan mete peyi a kote l ye la jounen jodia sou otorite granmoun li Etazini.

Pou fini opozisyon Nòdwès la reklame yon tranzisyon koupe fache pou rann peyi a rale yon souf.

Comments are closed.