Moun nan popilasyon komin Tigwav genyen gwo difikilte pou resevwa lajan fanmi yo voye bayo.

906

03 – 31 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Abitan kap viv nan komin Tigwav nan pwent depatman lwès peyi Dayiti, genyen gwo difikilte pou yo resevwa lajan fanmi atravè sèvis transfè depi plizyè semèn.

Kliyan yo pa mete dlo nan bouch pou denonse sitiyasyon sila, ke yo kalifye malonèt ak mètdàm. Plizyè nan kliyan yo deklare yo genyen 3 a 4 jou yap moute desann ak yon zèl sapat nan plizyè biwo transfè atravè vil Tigwav. Se toujou and marinad! Yo kanpe nan liyn, yo pa kapab jwen lajan fanmi yo voye pou yo. Alòske grangou ap sakaje yo nan okazyon fèt paskal la, genyen lòt ki di, yo resevwa divès bourad ak gagann sou tèt lajan fanmi yo voye ba yo.

Toutfwa, kliyan yo kwè, se presyon ensekirite a, melanje ak politik la ki aji sou ekonmik e finans peyi a ki lakoz ayisyen yo nan pwoblèm san parèy sa a. Nan sans sa a, yo mande pou tout sektè nan lavi nasyonal la, epesyalman klas politik la pou jwen yon soti kriz prese -prese yon fason pou libere peyi a ki ajenou depi plizyè lane.

Comments are closed.