Gwo manifestasyon nan vil Pòdpè : Pechè zangi yo leve vwa kont gwo chabwak eksplwàtèyo

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwo mouvman leve kanpe fèt nan vil Pòdpè jodi mèkredi 10 septanm 2025 lan, kote plizyè dizèn moun soti nan site Kapwa Lamò a deside pran lari pou defann dwa pechè zangi yo. Manifestan yo denonse fason gwo chabwak nan kapital la, Leta bay lisans pou peze kou malere yo ki pase nwit antye ap pran dlo frèt pou trape zangi, pandan yo oblije vann pwodiksyon yo a yon pri ki pa menm kouvri depans yo.
Pami non gro chabwàk ki site yo, gen ansyen senatè Nò a, Moïse Jean Charles, ansanm ak lòt gwo achtè nan Pòtoprens. Daprè pechè yo, mesye sa yo ap achte zangi a sèlman 100 goud pa gram, yon pri yo konsidere kòm yon veritab eksplwàtasyon.
Albert Durant, youn nan reprezantan lokal yo, pale ak anpil emosyon nan mikwo Laprès la. Li deklare : “Se yon krim pou yon pechè pase tout nwit lan nan lanmè, e lè li leve li jwenn sèlman 10 gram zangi, pou yo achte-l 1 000 goud sèlman. O mwen fòk li ta fè omwen 5 000 goud pou l ka viv.”






