“Témoignages” : sous rekonfon adaptative pou sa yo ki andikape anba kontrent tout kalite

933

08/06/2021

“Témoignages” se tit yon liv Wilmarc Jean, yon viktim latè tranble 12 janvye 2010 yo ki te devaste Ayiti. Nan liv sa, ki se yon konpilasyon temwanyàj ou eksperyans mòtèl ke otè a andire anba dekonm pandan plis ke 24 èd tan kochma apwè manifestasyon gwoudou gwoudou a.

Wilmarc Jean, atravè yon parèy liv ki genyen yon valè dokimantè, drese yon konpilasyon memwà ki dwe rete grave nan memwà tout moun ki genyen mobilite redwit (andikape) kap pran sekous sosyàl, imilyasyon ak malsite. Nan temwànyàj li avèk TRiboLAND, Jean dekri yon tablo tris e efreyan ki karakterize plis pase 24 èd tan ke li pase nan angrenay anba dekonm.

Nan fen joune 12 janvye 2012, Mesye Jean, kòm etidyan te trouve l nan fakilte lingwistik aplike nan UEH nan moman manifestasyon sekous sismik trajik yo. “Se te yon moman trajik ki make ak pye dwàt mwen ki te kase anba dekonm apwè chit yon batiman inivèsite 3 etaj la. Anba anpil doulè ak enkapasite pou menm vibwe kò fizik mwen; mwen tap batay ant lespwà ak dezespwà”, dapwè sa Jean tap esplike.

Jean kontinye pou li di, nan peryòd tribilasyon an, tanto li pèdi espwà e tanto li fòse bay tèt li kouraj pou li anbwase lespwà. Pandan èd tan tèrib ak petren yo, apeti pou pasyans enfiltre nan tout zantray li e li te detèmine pou ranpòte laviktwà sou advèsite. Jean te pèsiste ap rele pote sekou san rete pandan plizyè èd tan jiskaske yon “enkoni misterye” ki te petèt nan perimèt dekonm yo te arive tande vwa li byen lwen. Konsa, enkoni sa te arive alète fanmiy ak zanmiy ki tap miltipliye rechèch yo nan kontou batiman enstitisyonèl kraze a.

Mirakilezman Jean arive sove, men ap fè fas apwè ak anpil debwà e imilyasyon sosyàl. Li pa vle kwè ke li kapab viv ak yon “pwotèz” apwè ke doktè te deside koupe pye dwàt la ki te enfekte. Maryé e benefisye yon fiyèt 2 ane edmi, Jean se pwezidan asosyasyon “Fond de Soutien pour les Sans Voix”, yon strikti sosyàl  ki devwe pou kore timoun piti ki defavorize ak andikape kap pran lanm nan sosyete ayisyèn nan akoz sitiyasyon mobilite redwit yo. Konsa, se kontèks sa ke li arive enskri “Témoignages” nan yon kàd dokimantè ak adaptasyon pou sa yo kap fè fas ak baryè paralitik ou advèsite entenab.

Otè a ki espere mete deyò yon ekstansyon nan liv “Témoignages” la, konte sou supò tout sa yo ki rete kwè yon andikape kapab resisite efò li pou devni pwolifik ak nòmalize tèt li malgre kontrent tout kalite ki drese sou chemen lavi a. Supòte yon parèy travay, se supòte yon latriye lòt andikape ki dezame ak anba baton lavi a. wilmarcjean081@gmail.com ; 786-704-2294

Comments are closed.