PHTK souye nasyon an ankò: yon lòt salopèt ak laponyèt

348

09\29\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Carl Henry Chatelier, Konsil ayisyen nan Bahamas fè yon kout Eudes Lajoie lè ke li deside fè seyans laponyèt nan yon video ki pran wout rezo sosyàl yo e ki plonje pirèd peyi a nan lawont diplomatik.

Antouka, se fini yon lòt fwa ankò pou Ayiti; PHTK fè li ankò! Aprè Eudes Lajoie, ansyen direktè Office National de la Migration (ONM) an me 2018 te fè wè li nan yon video tèt pati nan yon seyans laponyèt tèt chaje, fwa sa se tou Carl Henri Chatelier ki bay Ayiti yon lòt souflèt moral nan seyans mastubasyon.

Premye Sekretè ou responsab sèvis konsilè nan anbasad Dayiti nan Bahamas, Carl Henry Chatelier, ki se frè direktè jeneral Fonds d’Assistance Economique et Social (FAES), pat pran tan pou te jwen revokasyon’l bò kote Alatèt Primati a ki remèsye’l pou sèvis li anvè peyi a.

Comments are closed.