Gonaiv: Lokal konpayi transpò “Le Transporteur Haiti” bwile ra pye tè

775

08/03/2021

Gonaiv______(TRiboLAND) Yon ensandi bwile ra pye tè 8 veyikil konpayi transpò “Le Transporteur Haiti” yèswà nan vil Gonaiv. Se yon zàk kriminèl ou malfektè pou abitan yo ki tap trese lèl pou lute ak dife a nan lokal Jamyvier Super Market ki nan site endepandans lan.

Malgre rele pote sekou abitan yo fè bò kote sèvis ponpye nan vil la, se nad marinad; oken ponpye pat mete pye. Konsa, se popilasyon an ki tap miltipliye mannèv ki pèmèt yo chape yon machin sèlman.

Se yon pèt kolosal pou konpayi a ak yon latriye fanmiy ki te toujou depann de yon ti tcho tcho bò kote responsab “Le Transport Haiti” yo. Jiska pwezan, oken antite pa revandike yon parèy krim.

Comments are closed.