Yon lòt ti miyèt Sena ki fè anemi moralite ak onètete!

227

01/13/21

Me opinyon kèk moun pataje ak TRiboLAND sou seyans rara espesyàl ki fèt nan Biwo Sena a madi 12 janvye 2021 an

  • Yon lòt seyans rara ak desen anime dewoule nan Biwo Sena a.
  • Sinema sa a jwe deja. Nou bouke ak jan de karatè politik sa yo!
  • Majorite opinyon yo deklare: Woy! Les voilà! Yo tout soufwi anemi moralite ak onètete.
  • PHTK ap trese lèl pou vinn bay aksyon Jovenel Moise yo benediksyon.
  • Yo tout genyen yon grenn zanno kay òfèv; e yo ta dwe dèyè bawo pou kòripsyon.
  • Sinema sa jwe plizyè fwa deja.
  • Kòman nou fè rive ase ba konsa?
  • Sa ki pi wo a te kalote yon sitwayen an piblik wi!
  • Se yon seri figi imoral ki genyen yon vye pase ki kite yon move gou nan bouch pèp ayisyen an.
  • Tout tan se moun sa yo kap prezante devan moun avèk otan odas; nou mèt pèdi espwa kòm peyi.
  • 4 ti komik: yo tout mete nou nan sa nou ye la. Kòmanse nan lajan pwason rive nan lwe leta machinn chak jou.
  • Yo patisipe nan ka kidnapping e yo fè popilasyon kriye dlo nan je.
  • Yo tire sou pitit pèp la devan Palman an e menm arive blese jounalis.
  • Figi yo make je chèch ak sispèk!
  • Se trè anbarasan pou repiblik la.
  • Si yo te genyen fanmiy, yo pa tap vinn sou moun ankò.
  • Yo pa reprezantab; se yon seri cheni ki deja devore ou apovwi larepiblik.
  • Yo te deja voye dosye Gaspiyaj Fon PetwoKaribe a nan poubèl.
  • Yo devalize yon pakèt bwàt leta.
  • Yon se pèsonaj danjre e endezirab pou nasyon an.

Comments are closed.