Gwo vag lanmè move kou kong fin pote ale simetyè Bèje a ki twouve l nan komin Senlwidinò.

829

02 – 13 – 2024

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Gwo vag lanmè kap balote lajounen kou lanwit, pa sispann panike e pote ale simetyè Bèje a, ki twouve li nan 5e seksyon komin Senlwidinò.

Ou pa bezwen gen linèt nan zye’w pou obsève fenomèn sa a ki prèske fin dechèpiye kadav yo epi lage yo nan lamè. Poze kesyon pou konnen, kisa otorite lokal yo deside fè ak simetyè sila? Paskew kapab konte sou dwèt kèlke ti grenn kavo ki rete alòske fenomèn nan ap fin deteryore chak jou pi plis.



Pase kèk kout fil nan telefòn, enfòmasyon yo ta fè kwè simetyè sila pa gen okenn espas ankò ki disponib pou antere kretyen vivan, paske ti plas ki disponib yo se nan retire paw banm mete pam yap fonksyone.

Comments are closed.