Fineray regrete memwà pwezidan Jovenel Moise fikse pou 23 jwiyè nan depatman Nò peyi a

683

07/16/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Nan yon anonse ki soti bò kote minis Kilti ak Komunikasyon an, Pradel Henriquez pwoklame dat fineray ansyen pwezidan Jovenel Moise fikse pou vandredi 23 jwiyè 2021 an nan depatman Nò peyi a.

Selon  Mesye Henriquez, ap genyen kèk inisyativ ki pran menm avan dàt 23 jwiyè a.; tankou nan dat 20 jwiyè, pwàl konsakre kòm “Jounen Omaj pou S.E.M Jovenel Moise avèk yon pwotokòl Palè Nasyonal nan MUPANA; 22 jwiyè se va veye nasyonal pou defun an; e 23 jwiyè se va fineray nasyonal defun nan Okap Ayisyen. Selon minis lan, tout inisyativ ou dispozitif sa yo arive pran nan tèt kole ak fanmiy defun an e lalwà peyi a.  

Nan menm sans lan, pwemye minis annatandan Claude Joseph, konfime pwezans ansyen pwemye dàm lan, Martine Moise nan fineray mari li, Jovenel Moise ke yon gwoup mèsenè kolonbyen melanje ak ayisyen-ameriken asasine lakay li nan Pèleren 5, 7 jwiyè 2021 dènye.

Nap raple, Martine Moise nan moman atak kont pwezidan an, te blese seryezman a  yon pwen yo te oblije transpòte’l nan eta Florid pou swen medikal.

Comments are closed.