Ekonomi / Statistik: To enflasyon an mande anraje daprè dènye rapò IHSI la

1,906

08-07-2022

Pòtoprens, Ayiti _____ (TriboLAND) Daprè dènye rapò enstiti ayisyen statistik ak enfòmasyon mete deyò nan jou ki sot pase yo, sou endis pri konsomasyon an, nivo enflasyon rive pou yon mwa 2.2% ak yon enflasyon anyèl 27.8%.

Tout pwodwi yo moute tèt nèg, sitou pwodwi premye nesesite yo. To chomaj la ap ogmante pandan lavi chè pa sispann grenpe e pèmèt jounen jodia fanmiy yo gen gwo difikilte pou reponn ak bezwen kotidyen yo. Pwodwi alimantè yo ak bwason non alkowolize ki reprezante 50% bidjè fanmiy yo ogmante depi nan mwa jwen ki sot pase la a 30.7 %, nan restoran yo bagay yo egzajere ak yon pwogresyon 33.1% daprè IHSH.

Pwodwi ki sot lòt kote sibi yon varyasyon 41.7%, alòske sa nou pwodwi yo se 21.8% pwiske majorite sa nou konsome, se lòt kote yo soti sitou ak feblès ki gen nan pwodiksyon nasyonal la, gen gwo enpak sou popilasyon ayisyèn nan. Se  lamizè, grangou, ensekirite kap taye banda. Pandan paran yo ap prepare antre lekòl la ki prevwa pou mwa septanm kap vini la, pou reponn ak bezwen chak jou yo, se yon veritab agoni.

Bagay yo pi di nan rejyon Sid la, ki gen depatman : Sid, Grandans, Nip, ak zòn metropolitèn Pòtoprens lan ak yon pwogresyon 31.4%, alòske pou rejyon nò a, ki gen depatman : Nò, Nòdès, Nòdwès ak rejyon santral la, ki gen : Sant ak Latibonit se 27.6% ak 27.4%.

Daprè ekonomis Ezert Émile, enflasyon an pa touche pwodwi yo nan menm nivo, pa egzanp: diri se 45.1%, pwason 54.8%, lwil 88.% pou-l site sa yo sèlman. Mezanmi, gen pawòl pa gen tan! Peyi Dayiti reyèlman efondre nan tout nivo!

Comments are closed.